Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo.
Danyèl 8:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere. 1998 Haïtienne Li fè sòlda lame li yo al moute kan yo kote yo te konn ofri bèt pou touye pou Bondye a. Ti kòn lan voye bon relijyon Bondye a jete atè, li te rive nan tou sa l'ap fè. |
Tant volè a fè pwofi, e sila ki pwovoke Bondye byen alez. Se nan men yo pote dye pa yo.
Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt, Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.
Akoz yo pa okipe zèv a SENYÈ yo, ni travay men Li yo. Pou sa, Li va chire yo desann, e Li p ap fè yo remonte.
Lajistis vin detounen e ladwati vin kanpe byen lwen. Paske verite a fin glise tonbe nan lari e ladwati p ap ka antre.
Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ, lè m plede ka m avèk Ou. Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou. Poukisa chemen mechan an byen reyisi konsa? Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?
Konsa, li va retounen nan sid, nan peyi li ak anpil piyaj. Men kè li va kont akò sen an, e li va pran desizyon retounen nan peyi li.
Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo.
Pouvwa a te osi bay a li menm pou fè lagè avèk sen yo, e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.
Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.”