Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Danyèl 7:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

“Apre sa, mwen te kontinye gade e vwala, yon lòt tankou yon leyopa, ki te gen sou do li kat zèl a yon zwazo. Bèt sa, anplis, te gen kat tèt, e dominasyon te vin bay a li menm.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Antan m'ap gade toujou, yon lòt bèt parèt. Li te sanble ak yon leyopa, men li te gen kat zèl sou do li, tankou zèl zwazo. Li te gen kat tèt tou. Yo te ba li pouvwa sou tout bagay.

Gade chapit la



Danyèl 7:6
10 Referans Kwoze  

Di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Yon gwo èg ak gwo zèl, gwo zèl louvri ak anpil bèl plim de anpil koulè te vini Liban, e te rache pran tèt pye sèd la.


Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini.


“Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè.


“Premye a te tankou yon lyon e li te gen zèl a èg. Mwen te gade jiskaske plim li yo te vin rache, epi li te leve kite tè a ,pou l te fèt vin kanpe sou de pye kon yon moun. Anplis, li te resevwa kè a yon moun.


“Konsa, vwala, yon lòt bèt, yon dezyèm, ki te sanble ak yon lous. Li te vin leve nan yon bò e twa zo kòt te nan bouch li nan dan li. Konsa, yo te di a li: ‘Leve, devore anpil vyann!’


Akoz sa, Mwen va vin tankou yon lyon anvè yo. Kon yon leyopa, Mwen va kouche an kachèt bò chemen an.


Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite.