Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Danyèl 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, tout moun nan mesye saj a wa yo te antre, men yo pa t ka li enskripsyon an ni fè wa a konnen sa li vle di.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Tout nèg save wa yo vanse. Men, pat gen yonn ladan yo ki te ka li sa ki ekri a, ale wè pou yo ta fè l konnen sa li vle di.

Gade chapit la



Danyèl 5:8
9 Referans Kwoze  

Alò, nan maten lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te eksplike yo rèv li yo, men pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon.


Men de bagay sa yo va rive sou nou sibitman nan yon jou: pèt a pitit ak afè vin vèv la. Yo va rive an mezi plen nèt; malgre tout maji nou ak gwo pouvwa wanga nou konn fè yo.


“Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a: “Kont moun ki rete Babylone yo, kont ofisye li yo ak mesye saj li yo!


Daniel te reponn devan wa a. Li te di: “Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a.


Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”


Mwen, Nebucadnetsar, mwen te alèz nan lakay mwen e mwen t ap pwospere nan palè mwen an.


Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen entèpretasyon li.


Epi koulye a, mesye saj yo, mèt zetwal yo te mennen devan m pou yo ta ka li enskripsyon sa a e fè entèpretasyon an vin konnen a mwen menm, men yo pa t ka deklare entèpretasyon a mesaj la.