Amòs 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la: “Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo. 1998 Haïtienne Senyè a fè sèman sou tèt li, li menm ki Bondye pèp Izrayèl la: Mwen p'ap janm bliye yonn nan move zak nou fè yo. |
Li te di: “SENYÈ a te sèmante: SENYÈ a va fè lagè kont Amalèk de jenerasyon an jenerasyon.”
Men SENYÈ dèzame yo te revele Li menm nan zore m yo: “Anverite, nou p ap padone pou krim sa a jiskaske nou mouri”, pale Senyè BONDYE dèzame yo.
Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.
Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè, ak yon pwent dyaman. Li grave sou tablo kè yo, ak sou kòn lotèl pa yo.
“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
Pou sakrifis lafimen ke nou te brile nan vil a Juda yo ak ri a Jérusalem yo, nou menm ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prens nou yo e pèp peyi a, èske SENYÈ a pa t sonje yo, e èske tout sa pa t antre nan panse Li?
Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen Sonje tout mechanste yo. Alò, zak yo ap antoure yo; yo devan figi Mwen.
Pou sakrifis ofrann Mwen yo, yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. Konsa, Li va sonje inikite yo, e pini peche yo. Yo va retounen an Egypte.
Yo antre tèt yo byen fon nan koripsyon, tankou nan jou a Guibea yo. Li va sonje inikite yo. Li va pini peche yo.
Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li, “Gade byen, jou yo ap vini sou nou, lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann, e dènye bout nan nou ak gaf pwason.
Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”