Amòs 7:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!” 1998 Haïtienne Mwen di: — Tanpri, Senyè, Bondye, pa fè sa. Ki jan pou pitit pitit Jakòb yo fè kanpe ankò? Yo tou fèb. |
Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.
Paske nan yon tan byen kout, kòlè Mwen kont nou va fin pase, e kòlè Mwen va dirije vè destriksyon pa yo.”
Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;
Pandan yo t ap frape moun yo e mwen sèl te rete, mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò pou te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske W ap detwi tout retay Israël la pandan W ap vide gwo kòlè ou sou Jérusalem nan?”
Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”
Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”
“Padone, mwen priye Ou, inikite a pèp sa a selon grandè lanmou dous Ou a, jis jan ke Ou menm, osi, te padone pèp sa a, depi an Égypte pou jis rive koulye a.”