O moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen.
Amòs 3:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize? 1998 Haïtienne Lè lyon gwonde, ki moun ki p'ap gen kè kase? Lè Senyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesay la? |
O moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen.
Paske konsa SENYÈ a di mwen: “Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje, lè yon bann bèje vin parèt la; li p ap pè vwa yo, ni li p ap deranje akoz bri yo fè. Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann pou fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”
Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.
Konsa, Jérémie te pale ak tout ofisye yo ak tout pèp la. Li te di: “SENYÈ a te voye mwen pou pwofetize kont tout kay sila a, tout pawòl ke nou te tande yo.
“Nan jou sa a, Mwen va fè yon kòn vin pouse pou lakay Israël, e Mwen va ouvri bouch ou nan mitan yo. Epi konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”
Li te di: “SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; epi patiraj a bèje yo va fè dèy, e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”
Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin, e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo: “Pa pwofetize!”
Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa san ke li pa kaptire yon bagay? Èske yon jèn ti lyon ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?
Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.
Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon nan ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”