Amòs 3:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa san ke li pa kaptire yon bagay? Èske yon jèn ti lyon ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen? 1998 Haïtienne Ou janm tande yon lyon gwonde nan rakbwa san li pa gentan jwenn sa pou l manje a anvan? Ou janm tande yon jenn ti lyon ap gwonde nan twou li san li pa gen anyen nan bouch li? |
Yo va mache dèyè SENYÈ a, Li va gwonde kon yon lyon; Anverite, Li va gwonde, e fis li yo va vini, ap tranble soti nan lwès.
Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.
Li te di: “SENYÈ a va gwonde soti nan Sion. Li va fè son vwa Li soti Jérusalem; epi patiraj a bèje yo va fè dèy, e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”
Èske yon zwazo ka kenbe nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale? Èske pèlen an ka vòltije sòti atè, san ke li gen yon bagay pou kenbe?
Yon lyon fin gwonde! Se kilès ki p ap pè? SENYÈ a fin pale! Se kilès ki ka refize pwofetize?