Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou. Belye a Nebajoth yo va sèvi ou; yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an, e Mwen va glorifye kay Mwen an ki plen lonè ak mayifisans.
Aje 2:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen ‘Denyè glwa kay sa a, va pi gran ke ansyen an,’ pale SENYÈ dèzame yo: ‘Epi nan plas sa a, Mwen va bay Lapè’, deklare SENYÈ dèzame yo.” 1998 Haïtienne Kay sa a ap pi bèl lontan pase premye a. Se isit la menm m'ap bay tout moun kè poze. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa! |
Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou. Belye a Nebajoth yo va sèvi ou; yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an, e Mwen va glorifye kay Mwen an ki plen lonè ak mayifisans.
Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen lonje bay fi a lapè tankou yon rivyè e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde. Nou va vin pran tete, nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.
Epi Lespri a te leve m anlè e te mennen m antre nan lakou enteryè a; epi gade byen, glwa SENYÈ a te ranpli kay la.
Li va lapè nou lè Asiryen yo vini nan peyi nou an, e lè li va mache nan palè nou yo. Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.
Monte sou mòn yo, pote bwa pou rebati tanp lan pou M kapab pran plezi e jwenn glwa ladann,” pale SENYÈ a.
‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?
Paske Mwen menm’, deklare SENYÈ a: ‘Mwen va devni yon miray dife k ap antoure fi a, e Mwen va laglwa nan mitan l.
E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.
San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a: Sila ki Te revele nan lachè a, Te jistifye nan Lespri a Te wè pa zanj yo, Te pwoklame pami nasyon yo, Te resevwa kwayans mond lan, Te leve wo nan laglwa a.