Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.
Abakik 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mwen te wè tant a Cush yo anba detrès. Rido tant a Madian yo t ap tranble. 1998 Haïtienne Mwen wè moun peyi Letyopi yo nan gwo lafliksyon. Moun peyi Madyan yo tou pè. |
Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.
Yo va pran tant yo ak bann mouton yo; yo va pote pou kont yo tout rido tant yo, tout byen yo ak tout chamo yo e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’
Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt.
Alò, yo te reponn Josué e te di: “Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a.
Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout.