Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




3 Jan 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Paske yo te sòti pou kòz a Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye.

Gade chapit la

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Paske yo pati pou fè lwanj pou Kris, san yo pa aksepte anyen nan men moun ki pa kwè yo.

Gade chapit la



3 Jan 1:7
17 Referans Kwoze  

Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.


“Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun.


Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”


Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.


Konsa sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.


Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”


Konsa, kisa ki rekonpans mwen an? Sa, lè m preche levanjil la, mwen kapab ofri levanjil la san frè, pou m pa sèvi tout dwa ke m gen nan levanjil la.


Paske nan ki sans nou te trete kòm enferyè a rès legliz yo, eksepte mwen menm, m pa t vin yon chaj pou nou? Padone mwen pou mal sa a.


Paske nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus.


Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo,


Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo.


Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.


Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.