2 Wa 2:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.” Men Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel. 1998 Haïtienne Eli di Elize konsa: — Ou mèt rete isit la tande, paske Senyè a ban m lòd pou mal Betèl. Men, Elize reponn li: — Mwen pran ou menm ansanm ak Senyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl. |
Pou sa, wa Jéroboam te konsilte, e li te fè de ti bèf an lò. Li te di a pèp la: “Se twòp pou nou ta monte Jérusalem. Men vwala, dye pa nou yo, O Israël, ki te mennen nou monte soti nan peyi Égypte la.”
Alò, li te monte kote lotèl ke li te fè Béthel nan kenzyèm jou nan di-zuityèm mwa ke li te chwazi nan pwòp kè li a; epi li te etabli yon fèt pou fis Israël yo, e li te monte vè lotèl la pou brile lansan.
Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò soti lavil la. Yo te moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!”
Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jéricho.” Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.
Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.” Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse.
Manman a gason an te di: “Jan SENYÈ a viv la, e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, li te leve e te swiv li.
Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a.
Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”
Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.