Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
2 Wa 19:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Èske dye a nasyon sila yo ke zansèt mwen yo te detwi yo, te delivre yo, menm? Gozan, Charan, Retseph, avèk fis a Éden ki te Telassar yo? 1998 Haïtienne Lè zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, eske bondye nasyon sa yo te delivre yo? |
Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a.
Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.
Gade byen, ou konn tande sa ke wa Assyrie a te fè a tout peyi yo, destriksyon konplèt. Èske se konsa ke ou va delivre a?
Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan nan, kote yo rete menm jis rive jodi a.
Èske dye a nasyon sa yo ke papa m te detwi yo te delivre yo; Gozan, Charan, Retseph, ak fis a Éden ki te Telassar yo?
Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a.