Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk tout vil depo Nephthali yo.
2 Wa 16:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò. 1998 Haïtienne Wa Lasiri a koute l vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin. |
Konsa, Ben-Hadad te koute wa Asa. Li te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, e yo te frape Ijjon, Dan, Abel-Maïm, avèk tout vil depo Nephthali yo.
Sepandan, Achaz te pran yon pòsyon sòti nan kay SENYÈ a e sòti nan palè wa a ak chèf yo pou te bay li a wa Assyrie a, men sa pa t ede li.
Pou sa, SENYÈ a, Bondye li a, te livre li nan men a wa Syrie. Konsa, yo te bat li e te pote ale de li yon gran kantite kaptif pou te fè yo rive Damas. Li te anplis livre nan men a wa Israël la ki te aflije li avèk anpil moun mouri.
Èske Calno pa tankou Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas?
Pwofesi sou Damas. “Gade byen, Damas prèt pou retire nèt kon vil. Li va tonbe nèt an yon gwo pil mazi.
Élam te leve fouwo flèch yo, cha yo, sòlda sou pa yo ak chevalye yo; epi Kir te dekouvri boukliye a.
Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt.
“Brik yo fin tonbe, men nou va rebati ak wòch taye; bwa sikomò yo fin koupe, men nou va ranplase yo ak bwa sèd.”
Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir?