Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Wa 16:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte Jérusalem pou fè lagè. Yo te fè syèj sou Achaz, men yo pa t kab venk li.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se sou reny Akaz, Rezin, wa peyi Siri a, ak Peka, pitit gason Remalya a, wa peyi Izrayèl, mache sou lavil Jerizalèm pou yo atake l. Yo fèmen Akaz anndan lavil la, men yo pat ka pran lavil la.

Gade chapit la



2 Wa 16:5
10 Referans Kwoze  

Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.


Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem.


Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse voye Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a kont Juda.


Pou sa, SENYÈ a, Li menm, va bay nou yon sign: Gade byen, yon vyèj va vin ansent. Li va fè yon fis e li va rele non Li Emmanuel.


“Konsi moun sa yo fin rejte dlo Siloé k ap koule dous la pou rejwi nan Retsin ak fis Remalia a;


avan mechanste ou te dekouvri a. Paske koulye a, ou devni repwòch a fi Syrie yo, e a tout sila ki antoure li yo, a fi a Filisten yo, sila ki antoure ou ki meprize ou yo.