2 Timote 2:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a. 1998 Haïtienne Lè yon sòlda desèvis, li pa pral chaje tèt li ak pwoblèm lavi si li vle fè chèf li plezi. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Yon sòlda dwe toujou obeyi kòmandan ki chèf li. Konsa, li pa pase tan l nan bagay ki pa gen rapò ak responsabilite l. |