Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou.
2 Samyèl 9:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li. 1998 Haïtienne Se konsa, Mefibochèt ki te enfim nan tou de pye l yo rete lavil Jerizalèm. Li t'ap manje chak jou sou tab ansanm ak wa a. |
Anplis, li te pale vye bagay a sèvitè ou a mèt mwen, wa a, men mèt mwen an, wa a, se tankou zanj Bondye a. Pou sa, fè sa ki bon nan zye ou.
Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.
Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth.
Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”
David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
Konsa, Jojakin te chanje rad prizonye li a, e te pran repa li nan prezans a wa a pandan tout rès jou lavi li yo.