Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou.
2 Samyèl 8:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Soti nan Syrie avèk Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a. 1998 Haïtienne ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Mowab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. Li fè menm bagay la tou ak tou sa li te pran apre lagè ak Adadezè, pitit Reyòb, wa Zoba a. |
Li te di: “Si Siryen yo twò fò pou mwen, alò, ou va ban m sekou; men si fis a Ammon yo twò fò pou ou, alò, mwen va vin ede ou.
Lè fis a Ammon yo te wè ke Siryen yo te sove ale, yo osi te sove ale devan Abischaï e te antre nan vil la. Alò, Joab te retounen sispann goumen kont fis a Ammon yo pou te rive kote Jérusalem.
Li te bat Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.
Wa David te konsakre sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te rache pote soti nan men a tout nasyon yo: depi nan Edom, Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo ak Amalekit yo.
Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.
David te fè masak sou yo soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale.
Konsa, David te vin kaptire tout mouton ak bèf ki te pouse devan lòt bèt yo, epi yo te di: “Sa se piyaj a David.”