David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a kont Uzza e plas sa a te vin rele Pérets-Uzza (kase antre a Uzza) jis rive jodi a.
2 Samyèl 6:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?” 1998 Haïtienne Lè sa a, David vin pè Senyè a. Li di li pa wè ki jan pou l pran Bwat Kontra a lakay li. |
David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a kont Uzza e plas sa a te vin rele Pérets-Uzza (kase antre a Uzza) jis rive jodi a.
Men èske Bondye, anverite, va rete sou latè? Gade byen, syèl la avèk syèl pi wo a p ap kab kenbe Ou; konbyen anplis kay sa a ke m te bati a!
Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”
Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.
Mesye Beth-Schémech yo te di: “Se kilès ki kab kanpe devan SENYÈ Bondye sen sila a? Epi a kilès pou Li ta monte kite nou?”