“Non, mèt mwen, koute mwen; mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.”
2 Samyèl 24:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan. 1998 Haïtienne Men wa a reponn li, li di l: — Non. Se achte m'ap achte. Se pou m peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m lajan pou m ofri pou boule nèt pou Senyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan. |
“Non, mèt mwen, koute mwen; mwen ba ou chan an, e mwen ba ou kav ki ladann nan. Nan prezans a tout fis a pèp mwen yo, mwen ba ou li pou ou fè antèman mò ou a.”
Li te pale a Ephron nan prezans tout pèp peyi a, e te di: “Silvouplè, si ou va sèlman koute mwen, mwen va bay pri a chan an. Aksepte li nan men m pou m kapab antere mò mwen an.”
Abraham te koute Ephron. Konsa, Abraham te peze pou Ephron lajan ke li te nonmen nan prezans tout fis a Heth yo, kat-san pyès lajan, nan sistèm komès nòmal.
Konsa David te di: “Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”