Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 24:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Men, jou sa a pwofèt Gad al jwenn David, li di l konsa: — Moute lakay Araounak, moun lavil Jebis la, bati yon lotèl pou Senyè a nan mitan gwo glasi a.

Gade chapit la



2 Samyèl 24:18
6 Referans Kwoze  

Lè yo te vin nan glasi vannen kote Athad la, glasi ki lòtbò Jourdain an, yo te fè anpil kriye avèk gwo lamantasyon byen tris. Li te obsève sèt jou lamantasyon pou papa li.


Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di:


David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a.


Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an.


Mwen va retire san li, soti nan bouch li, ak abominasyon soti nan mitan dan l yo. Konsa, yo va devni osi yon retay pou Bondye nou an. Yo va tankou yon chèf pou Juda, e Ékron va tankou Jebizyen yo.