Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
2 Samyèl 23:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bagay sa yo, Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo. 1998 Haïtienne Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa tout moun t'ap nonmen non l nan gwoup Trant lan. |
Konsa, mesye Abischaï yo te sòti dèyè li, ansanm avèk Keretyen yo, Peletyen yo ak tout mesye vanyan yo. Epi yo te kite Jérusalem pou kouri dèyè Schéba, fis a Bicri a.
Alò, Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe.
Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an.
Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li.
Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.