Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”
2 Samyèl 23:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè. 1998 Haïtienne Li di konsa: Senyè, mwen pa gendwa bwè dlo sa a. Se tankou si m ta bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo pou al chache l. Se konsa li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan sòlda sa yo te fè. |
Men li te di yo: “Kite sa byen lwen pou m fè sa. Mesye sou sila nou te twouve tas la, li va esklav mwen. Men pou nou, ale anpè vè papa nou.”
Konsa, li te di: “Lwen de mwen devan Bondye mwen an pou m ta fè sa. Èske mwen ta bwè san a mesye sila yo ki te riske lavi yo? Paske se avèk gwo danjè lavi yo menm ke yo te pote li.” Pou sa, li te refize bwè l. Se bagay sila yo ke twa mesye pwisan yo te fè.
“‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’
Men Zabulon, yon pèp ki pa t konsidere lavi yo jiska devan lanmò; ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.
Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo.
SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.”