2 Samyèl 22:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo; menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo. 1998 Haïtienne Y'ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y'ap rele Senyè a, men li pa reponn yo. |
Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn. Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.
Nan jou sa a, lòm va gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la.
Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni Asherim yo ni lanp lansan yo.
“Fis a lòm, pale ak ansyen Israël yo pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou vini la pou mande M konsèy? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Nou p ap vin mande M konsèy.’”
Konsa, yo va kriye fò a SENYÈ a, men Li p ap reponn yo. Olye de sa, nan lè sa a, Li va kache figi li a yo menm, akoz yo te pratike zak ki mechan.”
Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.