Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l, paske sentiwon sa a ap toujou mare l.
2 Samyèl 22:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo. 1998 Haïtienne Ou ban m kont fòs pou m goumen. Ou fè lènmi m yo mande m padon. |
Kite sa rive li tankou yon vètman k ap sèvi pou kouvri kò l, paske sentiwon sa a ap toujou mare l.
Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.
Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la. Ou te soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak; Nan non Ou, nou va pile fè desann sila ki leve kont nou yo.
Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt. Apa de Mwen menm, pa gen Bondye. Mwen va fòtifye ou, malgre ou pa t rekonèt Mwen;
Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.
ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,
Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.
Konsa, David avèk mesye pa li yo te ale Keïla pou te goumen avèk Filisten yo. Yo te mennen bèt yo sòti e te frape moun avèk yon gwo masak. Konsa David te delivre pèp a Keïla a.