Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,
2 Samyèl 22:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Paske se kilès Bondye ye, Sof ke SENYÈ a? Epi kilès ki se yon woche, Sof ke Bondye pa nou an? 1998 Haïtienne Ki moun ki Bondye si se pa Senyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an? |
Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,
Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou.
Konsa pale SENYÈ a, Wa Israël la, ak Redanmtè li a, SENYÈ dèzame yo: Mwen se premye a e Mwen se dènye a; nanpwen Bondye sof ke Mwen menm.
Pa tranble, pa pè. Èske depi lontan, Mwen pa t anonse sa a nou menm e te demontre nou sa? Konsa, nou se temwen M. Èske gen okenn Bondye sof ke Mwen menm? Anverite, nanpwen! Mwen pa konnen okenn lòt Wòch.”
Deklare e prezante ka nou an. Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm. Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo, ki te deklare sa depi lontan? Èske se pa Mwen, SENYÈ a? Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen, yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.
Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa; paske Kreyatè a tout bagay se Li menm; e Israël se tribi eritaj Li. SENYÈ dèzame yo se non Li.
Vin wè ke Mwen menm se Li. Nanpwen dye sof ke Mwen. Se Mwen ki mete a lanmò, e se Mwen ki bay lavi. Se Mwen ki te fè blese e se Mwen ki fè gerizon. Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; nanpwen lòt sof ke Li menm.
Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.