Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 20:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?” Epi li te reponn: “Se mwen”. Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Joab vin rive. Fanm lan mande l: — Se ou menm ki Joab la? Joab reponn: — Wi, se mwen menm. Fanm lan di l: — Se sèvis m'ap rann ou. Koute sa m'ap di ou. Joab reponn: — M'ap koute ou, wi.

Gade chapit la



2 Samyèl 20:17
4 Referans Kwoze  

Alò, fanm nan te di: “Souple kite sèvant ou an pale yon mo ak mèt mwen, wa a.” Li te di: “Pale”.


Epi yon fanm lespri te rele soti nan vil la: “Koute, koute! Souple di Joab: ‘Vin isit la pou m kab pale avèk ou.’ Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”


Epi li te pale e te di: “Lontan yo te konn di: ‘Yo va anverite mande konsèy nan Abel,’ e se konsa, yo te rezoud pwoblèm nan.


Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an.