Epi yon fanm lespri te rele soti nan vil la: “Koute, koute! Souple di Joab: ‘Vin isit la pou m kab pale avèk ou.’ Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”
Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: — Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l.
Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.
Konsa, li te pwoche li e fanm nan te di: “Èske se Joab ke ou ye?” Epi li te reponn: “Se mwen”. Alò, li te di li: “Koute pawòl a sèvant ou an.” Epi li te reponn: “M ap koute.”
Alò, fanm lespri a te vin kote tout pèp la. Epi yo te koupe tèt aSchéba, fis Bicri a e te jete li bay Joab. Konsa, li te soufle twonpèt la e yo te lèse kite vil la. Chak moun te ale kote tant pa yo. Joab, anplis, te retounen kote wa a Jérusalem.
Alò, non mesye a te Nabal e madanm li te rele Abigaïl. Fanm nan te entèlijan e bèl pou wè, men mesye a te di e mechan nan tout afè li yo. Se te yon moun nan ras Caleb.