Alò, twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan.
2 Samyèl 2:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Asaël te kouri dèyè Abner e pa t vire ni adwat ni agoch nan kouri dèyè Abner. 1998 Haïtienne Li pran kouri pye pou pye dèyè Abnè ki t'ap chache chape kò l. |
Alò, twa fis a Tseruja yo te la, Joab avèk Abschaï avèk Asaël te vit sou pye yo tankou yon gazèl mawon nan chan.
Alò, Abner te gade dèyè li, e te di: “Èske se ou, Asaël?” Epi li te reponn: “Se mwen.”
Konsa, Abner te di li: “Vire vè adwat oswa agoch, pran youn nan jennonm yo pou kont ou e pran pou ou menm nan piyaj la.” Men Asaël pa t dakò pou vire pa swiv li.
Konsa, lè Abner te retounen Hébron, Joab te pran li akote mitan pòtay la, konsi, pou pale avèk li an prive, epi la, li te frennen li nan vant jiskaske li te mouri akoz san Asaël, frè li a.
Konsa, Joab avèk Abischaï te touye Abner akoz li te mete frè yo a lanmò nan batay Gabaon an.
Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.
“Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch.