Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 19:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Wa a te kouvri figi li e te kriye fò avèk yon gwo vwa: “O fis mwen, Absalom, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Wa a menm te kouvri tèt li, li t'ap rele: — Woy! Gason m lan! Absalon, pitit gason m lan! Absalon, pitit gason m lan!

Gade chapit la



2 Samyèl 19:4
5 Referans Kwoze  

Alò Joab, fis a Tseruja a te vin apèsi ke kè David te apiye anvè Absalom.


Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.


Wa a te sezi avèk emosyon e te monte nan chanm nan sou pòtay la pou te kriye. Epi konsa li te di pandan li t ap mache: “O fis mwen Absalom, fis mwen, fis mwen Absalom! Pito se te mwen ki te mouri olye de ou menm, O Absalom, fis mwen, fis mwen!”


Konsa, moun yo te antre nan vil la nan jou sa a kòmsi an sekrè tankou yon pèp ki imilye e kouri kache pou kite batay la.


Alò, Joab te antre nan kay la vè wa a. Li te di: “Jodi a, ou te kouvri avèk lawont tout figi a tout sèvitè ou yo, ki, jodi a, te sove lavi ou, lavi a fis ou yo ak fi ou yo, lavi a madanm ou yo ak lavi a ti mennaj ou yo,