Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 18:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, Absalom te vin rankontre sèvitè a David yo. Paske Absalom te monte sou milèt li e milèt la te antre anba gwo branch a yon gwo bwadchenn. Epi tèt li te kole rèd nan chenn nan e li te vin kwoke antre syèl avèk tè a, pandan milèt la anba li t ap kontinye ale.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Absalon al kontre ak kèk sòlda nan lame David la. Li te moute sou yon milèt. Antan l'ap pase anba yon gwo pyebwa, cheve li yo al pran nan yon branch, milèt la menm pa rete, li kouri al fè wout li. Absalon rete pandye anlè.

Gade chapit la



2 Samyèl 18:9
18 Referans Kwoze  

Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.


Lè l te konn taye cheve li (ki te fèt nan fen chak ane ke li te koupe li; paske li te lou sou li e pou sa, li te koupe l), li te peze cheve a tèt li nan pèz de-san sik selon balans a wa a.


Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.


Lè yon sèten mesye te wè sa, li te pale Joab, e te di: “Gade byen, mwen te wè Absalom pandye nan yon gwo bwadchenn.”


Joab te di: “Mwen p ap gaspiye tan avè w isit la.” Konsa, li te pran twa frenn nan men l e li te frennen fè yo pase sou kè Absalom pandan li te toujou vivan nan mitan bwadchenn nan.


Paske batay la te gaye sou tout teritwa peyi a e forè a te devore plis moun nan jou sa a ke nepe ta devore.


Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo, ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?


Sila ki modi papa li oswa manman li an, lanp li va etenn nan tan fènwa.


“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.


“Sila ki sove ale devan gwo laperèz la, va tonbe nan fòs la e sila ki monte sòti nan fòs la, va kenbe nan pèlen an; paske Mwen va mennen sou li, menm sou Moab, ane a pinisyon yo”, deklare SENYÈ a.


Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan santyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.


Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’


Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.”


kò li pa pou pann tout nwit lan sou bwa a, men nou va, anverite, antere li nan menm jou a. (Paske sila ki pann nan, modi pou Bondye.) Se konsa pou nou pa degrade tè ke Bondye te bannou kòm eritaj la.


‘Modi se sila ki dezonore papa l oswa manman l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.


‘Modi se sila ki kouche avèk madanm a papa li, akoz li te dekouvri jip papa l.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.