Alò, David te konte moun ki te avèk li yo e te plase sou yo chèf dè milye e chèf dè santèn.
2 Samyèl 18:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò wa a te di yo: “Nenpòt sa ki sanble bon a nou menm, se sa m ap fè.” Pou sa, wa a te kanpe akote pòtay la e tout moun yo te sòti pa santèn e pa milye. 1998 Haïtienne Wa reponn yo: — Bon! M'ap fè sa nou wè ki pi bon an. Apre sa, l'al kanpe bò pòtay lavil la, pandan lame a t'ap sòti, divizyon apre divizyon, rejiman apre rejiman. |
Alò, David te konte moun ki te avèk li yo e te plase sou yo chèf dè milye e chèf dè santèn.
Alò, David te chita antre de pòtay yo; epi gadyen an te monte sou twati pòtay sou mi an. Li te leve zye li e te gade. Men vwala, yon nonm ki t ap kouri li sèl a li menm.
Wa a te bay lòd a Joab avèk Abischaï avèk Ittaï e te di: “Pou koz mwen, aji dousman avèk jennonm nan, Absalom.” Epi tout moun yo te tande lè wa a te pase lòd a tout chèf yo sou Absalom an.
Li va yon espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.
Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.