Epi Joab te di a mesye ki te di sa a: “Gade, ou te wè l? Poukisa konsa ou pa t frape li la pou l tonbe atè? Konsa, mwen ta ba ou dis pyès ajan avèk yon senti.”
2 Samyèl 18:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Mesye a te di Joab: “Menm si mwen ta resevwa mil pyès ajan nan men m, mwen pa t ap lonje men m kont fis a wa a; paske nan tande nou, wa a te kòmande ou avèk Abischaï ak Ittaï, e te di: ‘Pwoteje pou mwen jennonm nan, Absalom!’ 1998 Haïtienne Men nonm lan reponn Jowab: — Ou ta mèt ban mwen mil (1000) pyès lajan, la nan plamen mwen, mwen pa t'ap leve men mwen sou pitit gason wa a. Nou tout, nou te tande lòd wa a te ba ou, ansanm ak Abichayi ak Itayi. Li te di: tanpri, fè sa pou mwen. Pa kite anyen rive Absalon, pitit mwen an. |
Epi Joab te di a mesye ki te di sa a: “Gade, ou te wè l? Poukisa konsa ou pa t frape li la pou l tonbe atè? Konsa, mwen ta ba ou dis pyès ajan avèk yon senti.”
Wa a te bay lòd a Joab avèk Abischaï avèk Ittaï e te di: “Pou koz mwen, aji dousman avèk jennonm nan, Absalom.” Epi tout moun yo te tande lè wa a te pase lòd a tout chèf yo sou Absalom an.