Men si ou retounen lavil la e di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen.
2 Samyèl 17:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?” Epi fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.” Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem. 1998 Haïtienne Moun Absalon yo vini nan kay la, yo mande madanm lan: — Kote Akimaz ak Jonatan? Madanm lan reponn: — Yo janbe lòt bò dlo a. Mesye Absalon yo chache, men yo pa jwenn yo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm. |
Men si ou retounen lavil la e di a Absalom: ‘Mwen va sèvi ou, O wa a. Jan mwen te sèvi papa ou nan tan pase a, konsa, mwen va koulye a, devni sèvitè pa ou’, konsa, ou kapab vin kontrekare konsèy Achitophel la pou mwen.
Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”
Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’”
David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’