Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.
2 Samyèl 1:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Soti nan san a sila ki te mouri yo, soti nan grès a pwisan yo, banza a Jonathan an pa t fè bak, ni nepe a Saül la pa t retounen vid. 1998 Haïtienne Jonatan pat janm fè bak toutotan li pa tranpe flèch li yo nan san lènmi l yo. Sayil pat janm tounen toutotan li pat plonje nepe l nan vant vanyan sòlda lènmi l yo. |
Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.
M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
Alò, lè Saül te pran plas chèf sou wayòm Israël la. Li te goumen kont tout lènmi li yo tout kote; kont Moab, fis a Ammon yo, Édom, wa a Zobah yo ak Filisten yo. Nenpòt kote li te vire li te pini yo.
Li te aji avèk kouraj; li te bat Amalekit yo, e li te delivre Israël soti nan men a sila ki te piyaje yo.
Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.