Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Samyèl 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Yo te fè dèy e te kriye fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Yo kriye, yo pran gwo lapenn pou Sayil, pou Jonatan, pitit li a, pou lame Senyè a ak pou pèp Izrayèl la, paske te gen anpil ladan yo ki te mouri nan lagè a. Yo rete san manje jouk aswè.

Gade chapit la



2 Samyèl 1:12
10 Referans Kwoze  

Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”


Pa rejwi lè lènmi ou tonbe. Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo onksyone kò yo ak pi bon lwil yo, malgre sa, yo pa kriye pou Joseph, ki fin devaste nèt la.


Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo,


Kilès ki vin fèb, san m pa fèb tou? Kilès ki lage nan peche, san gwo sousi mwen.


Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.


Yo te pran zo yo e te antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.


Konsa Saül te mouri avèk twa fis li yo, pòtè zam li an, ak tout mesye pa l yo ansanm nan jou sa a.