Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Kwonik 36:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Sédécias te gen laj a ven-te-yen nan lè l te vin wa e li te renye pandan onzan Jérusalem.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a.

Gade chapit la



2 Kwonik 36:11
9 Referans Kwoze  

Alò nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou ak nan dezyèm mwa a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini. Li menm avèk tout lame li te fè kan kont Jérusalem, e li te bati yon miray syèj ki te antoure li.


Li te anplis, vin rive nan jou Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a.


Nan kòmansman règn wa Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a, epi te di,


Alò, nan menm ane a, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, nan katriyèm ane, nan senkyèm mwa Hanania, fis a Azzur a, pwofèt ki te sòti nan Gabaon an, te pale ak mwen lakay SENYÈ a, nan prezans a prèt yo e a tout pèp yo. Li te di:


Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la, e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki pa t antre ak nou an egzil yo—


Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Ale pale a Sédécias, wa Juda a, epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap bay vil sa a pou antre nan men a wa Babylone nan, e li va brile li ak dife.


Men ni li menm, ni sèvitè li yo, ni pèp peyi a te koute pawòl SENYÈ a, ke li te pale pa Jérémie, pwofèt la.