2 Kwonik 33:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Manassé te gen laj douzan lè l te devni wa a, e li te renye pandan senkann-senkan Jérusalem. 1998 Haïtienne Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan. |
Konsa, Ézéchias te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan chemen an ki monte kote tonm fis a David yo. Tout Juda avèk pèp Jérusalem nan te onore li nan lanmò li. Fis li a, Manassé te devni wa nan plas li.
Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa; ak prens yo k ap fè fèt granmaten.
O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun ak fanm ki gouvène sou yo. O pèp Mwen an! Sila k ap gide ou yo, egare ou, e konfonn direksyon chemen nou yo.
Konsa, Mwen va fè senp tigason yo vin chèf sou yo, e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
Mwen va fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”