Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Kwonik 29:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Anplis, tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Nou pran tout veso wa Akaz te detounen yo pandan tout tan li te vire do bay Bondye a, nou repare yo, nou mete yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Kounyeya, yo tout devan lotèl Senyè a.

Gade chapit la



2 Kwonik 29:19
5 Referans Kwoze  

Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a.


Alò, Wa Achaz te koupe retire arebò a baz yo e li te retire basen lave a sou yo. Li te osi desann lanmè a soti sou bèf bwonz ki te anba li yo, e li te mete li sou yon pave an wòch.


Anplis, lè Achaz te ranmase ansanm tout zouti lakay Bondye yo, li te koupe tout zouti yo an mòso. Li te fèmen pòt lakay SENYÈ a, e te fè lotèl pou li nan chak kwen nan Jérusalem.


Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo.


Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a.