Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Kwonik 29:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Ezekyas te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l te rele Abija. Se te pitit fi Zakari.

Gade chapit la



2 Kwonik 29:1
9 Referans Kwoze  

Achaz, fis pa li a; Ézéchias, fis pa li a; Manassé, fis pa li a;


Li te kontinye chache Bondye nan tout jou a Zacharie yo, ki te gen konprann selon vizyon Bondye. Pandan tout tan li t ap chache SENYÈ a, Bondye te fè l reyisi.


Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.


Vizyon Ésaïe a, fis Amots la, konsènan Juda avèk Jérusalem, ke li te wè pandan tan pouvwa a Ozias, Jotham, Achaz ak Ézéchias, wa Juda yo.


Epi Mwen va pran pou Mwen temwen fidèl pou fè temwayaj, Urie, prèt la ak Zacharie, fis a Bérékia a.


Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.


Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.