Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan nan, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la.
2 Kwonik 28:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, pou sa, koute mwen e remèt kaptif ke nou te fè prizonye pami frè nou yo, paske kòlè SENYÈ a byen cho kont nou.” 1998 Haïtienne Koute sa m'ap di nou: Prizonye sa yo se frè ak sè nou yo ye. Kite yo tounen lakay yo, paske se sou nou Senyè a move kounyeya. |
Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan nan, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la.
Fis Israël yo te pote ale an kaptivite pami frè yo de-san-mil fanm Judah, fis ak fi. Anplis yo te pran anpil piyaj ki sòti nan yo, e te mennen piyaj la Samarie.
Kite chèf nou yo reprezante tout asanble a, e kite tout sila nan vil nou yo ki te marye ak fanm etranje yo vini nan lè apwente yo, ansanm avèk ansyen a chak vil yo, jiskaske kòlè fewòs Bondye nou an, akoz bagay sa a, ta vin detounen kite nou.”
“Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?
Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou.
Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.