Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba.
2 Kwonik 25:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te anplwaye osi san-mil gèrye plen kouraj ki sòti an Israël pou san talan ajan. 1998 Haïtienne Lèfini, li pran sanmil (100.000) vanyan sòlda nan peyi Izrayèl, li peye yo chak twasan (300) kilo ajan pou yo goumen pou li. |
Lè fis a Ammon yo te wè ke yo te fè tèt yo rayisab a David, Hanun avèk fis a Ammon yo te voye mil talan ajan Mésopotamie pou achte sèvis a cha avèk chevalye Siryen ki te sòti nan Maaca avèk Tsoba.
Anplis, Amatsia te rasanble Juda, e li te òganize yo selon lakay papa yo anba chèf a dè milye e chèf a dè santèn toupatou nan Juda avèk Benjamin. Li te pran yon kontwòl global a sila soti nan ventan oswa plis yo, e li te twouve yo a twa-san-mil mesye, byen chwazi pou fè lagè ak manyen lans ak pwotèj.
Men yon nonm Bondye te rive kote li e te di: “O Wa, pa kite lame Israël la ale avèk ou, paske SENYÈ a pa avèk Israël, ni avèk okenn nan fis Éphraïm yo.