Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Kwonik 25:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Alò, li te vin rive depi wayòm nan te byen solid nan men l, ke li te touye sèvitè li yo ki te touye papa li, wa a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè Amasya fin chita otorite l, li fè touye chèf lame ki t'ap sèvi avè l yo epi ki te touye papa l.

Gade chapit la



2 Kwonik 25:3
8 Referans Kwoze  

Lè Joram te fin kontwole wayòm papa li, e te fè pozisyon li byen solid, li te touye tout frè li yo avèk nepe, ansanm ak kèk nan chèf Israël yo tou.


Sepandan, li pa t touye pitit yo, men li te swiv sa ki ekri nan lalwa nan liv Moïse la, ke SENYÈ a te kòmande, ki te di: “Papa yo p ap mete a lanmò pou fis yo, ni fis yo p ap mete a lanmò pou papa yo, men chak moun va mete a lanmò pou pwòp peche pa l.”


Men pèp peyi a te touye tout sila ki te fè konplo a kont Wa Amon yo, e pèp peyi a te fè Josias, fis li a, wa nan plas li.


Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.