2 Kwonik 20:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Nan katriyèm jou a, yo te fè asanble nan vale Beraca a. La, yo te beni SENYÈ a. Akoz sa, yo te rele plas sa a: “Vale Beraca a” jis rive jodi a. 1998 Haïtienne Sou katriyèm jou a, yo sanble nan fon Benediksyon an pou fè lwanj Senyè a pou tou sa li te fè pou yo. Se poutèt sa yo rele fon an Beraka, non ki rete pou li jouk jounen jòdi a. |
Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’”
David te pale pawòl a chan sila yoa SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül.
Chèf la te Achiézer, swivi pa Joas, fis a Schemaa a, Gibeonit lan; Jeziel ak Péleth, fis a Azmaveth yo; epi Beraca; Jéhu, Anatotit la;
Lè Josaphat avèk pèp li a te vini pran piyaj la, yo te twouve anpil bagay pami yo; byen, vètman ak bagay valab ke yo te pran pou yo menm, plis pase yo ta kab pote. Yo te pran twa jou pou ranmase piyaj la, paske li te tèlman anpil.
Tout mesye Juda avèk Jérusalem yo te retounen avèk Josaphat sou tèt la. Yo te retounen Jérusalem avèk kè kontan, paske SENYÈ a te fè yo rejwi sou lènmi yo.
Poto yo te tèlman long ke pwent poto a lach yo te vizib devan sanktyè enteryè a, men yo pa t kab wè pa deyò. Epi yo toujou la jis rive jodi a.
Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”, ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”; men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”. Paske SENYÈ a pran plezi nan ou e a Li menm, peyi ou va marye.
Beni se Senyè a, Bondye Israël la, paske li vizite nou, Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.
Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.
Alò, Samuel te pran yon gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.”