2 Kwonik 18:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Li te di: “Koute byen, tout pèp yo!” 1998 Haïtienne Lè sa a, Miche di: — Si ou tounen sòti nan lagè a san danje ni malè vre, w'a konnen Senyè a pat pale nan bouch mwen. Lèfini, li di: — Nou tout pèp yo, koute sa m di la a wi. |
Tout pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’
Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen.