SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
2 Kwonik 17:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Josaphat te vin grandi de plizanplis e li te bati fò avèk vil depo nan Juda. 1998 Haïtienne Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fò chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadèl ak lavil pou sèvi l depo. |
SENYÈ a te egzalte Salomon byen wo nan zye a tout Israël, e te bay li yon majeste wayal ki pa t sou okenn wa avan li an Israël.
Kèk nan Filisten yo te pote kado avèk lò kòm pèyman bay Josaphat. Arabyen yo tou te pote bann bèt ba li, sèt-mil-sèt-san belye ak sèt-mil-sèt-san mal kabrit.
Li te gen anpil depo nan vil a Juda yo ak gèrye yo, mesye ki plen kouraj Jérusalem yo.
Li te bati fò nan dezè yo, e li te fouye anpil sitèn, paske li te gen anpil bèt, ni nan ba plèn nan, ni nan gran plèn nan. Anplis, li te genyen labourè chan yo avèk moun pou pran swen chan rezen nan peyi ti kolin yo ak nan chan bon tè yo, paske li te renmen latè anpil.
Anplis, li te bati vil nan peyi kolin a Juda yo, e li te bati fò avèk fòterès sou ti kolin ki te bwaze yo.
Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse lòt miray pa deyò pou te fè Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite.
Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal.