2 Kwonik 15:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Lespri Bondye a te vini sou Azaria, fis a Obed la. 1998 Haïtienne Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Obèd. |
Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem.
Alò, nan mitan asanble a, Lespri SENYÈ a te vini sou Jachaziel, fis a Zacharie a, fis a Benaja a, fis a Jeïel la, fis a Matthania a, Levit la ak fis a Asaph yo.
Alò Lespri Bondye a te vini sou Zacharie, fis a Jehojada a, prèt la. Li te kanpe anwo pèp la, e te pale yo: “Konsa Bondye te di: ‘Poukisa nou vyole kòmandman a SENYÈ la, e akoz sa nou pa reyisi? Akoz nou te abandone SENYÈ a, Li menm osi te abandone nou.’”
Men de mesye nan ansyen yo te rete nan kan an; Non a youn te Eldad, e non a lòt la te Médad. Epi Lespri a te vin rete sou yo. Yo menm te pami sila ki te anrejistre kòm ansyen yo, men ki pa t sòti pou ale nan tant lan; men yo te pwofetize nan kan an.
Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.
Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.
Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm.