2 Kwonik 12:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan. 1998 Haïtienne Tou sa wa Woboram te fè, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, nou jwenn yo ekri nan liv travay pwofèt Chemaya ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki bay lis fanmi yo. Se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboram. |
Alò, zèv a Wa David yo, premye a jis rive nan dènye a, yo ekri nan Kwonik a Samuel yo, konseye a, nan Kwonik a Nathan yo, pwofèt la ak nan Kwonik a Gad yo, vwayan a,
Epi Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’”
Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam.
Alò, zèv Asa yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, veye byen, yo ekri nan Liv A Wa a Juda avèk Israël yo.
Alò, tout lòt zèv a Josaphat yo, soti nan premye jis rive nan dènye a, gade byen, yo ekri nan rejis a Jéhu, fis a Hanani, ki enskri nan Liv Wa Israël Yo.
Alò, tout lòt zèv avèk chemen li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men gade byen, yo ekri nan Liv A Wa A Juda yo Avèk Israël yo.
ak zèv li yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël Avèk Juda yo.
Alò, tout lòt zèv a Salomon yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Nathan yo, pwofèt la, nan pwofesi Achija a, Silonit lan, ak nan vizyon a Jéedo yo, konseye a Jéroboam nan, fis a Nebath la?