Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




2 Kwonik 12:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Lè Woboram fin chita gouvènman li byen chita, lè li santi li te fò, li pa mache dapre lalwa Senyè a ankò. Lèfini, tout pèp Izrayèl la fè menm jan an tou.

Gade chapit la



2 Kwonik 12:1
22 Referans Kwoze  

Men pou fis Israël ki te rete nan vil Juda yo, Roboam te renye sou yo.


Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit.


Epi konsa yo va reponn: ‘Akoz yo te abandone SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te mennen zansèt pa yo sòti nan peyi Égypte la. Yo te adopte lòt dye pou te adore yo ak sèvi yo. Pou sa, SENYÈ a te fè rive tout gwo twoub sa a sou yo.’”


Anplis, Juda pa t kenbe kòmandman SENYÈ a, Bondye pa yo a, men te mache nan koutim ke Israël te etabli yo.


Yo te fòtifye wayòm Juda a, e yo te bay soutyen a Roboam, fis Salomon nan pandan twazan, paske yo te mache nan chemen David avèk Salomon an pandan twazan.


Li te aji avèk sajès, e li te plase fis li yo nan tout teritwa a Juda avèk Benjamin nan tout vil fòtifye yo, e li te ba yo anpil manje. Epi li te chache anpil madanm pou yo.


“Pale a Roboam, fis a Salomon an, wa a Juda a ak tout Israël nan Juda avèk Benjamin pou di:


Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan.


Yo te abandone lakay SENYÈ a, Bondye a zansèt yo a pou te sèvi Asherim yo avèk zidòl yo. Konsa, lakòlè SENYÈ a te desann sou Juda avèk Jérusalem akoz koupabilite sa a.


Elas, yon nasyon plen peche, yon pèp peze avèk inikite, ras malfektè, fis ki fè zak konwonpi! Yo te abandone SENYÈ a; yo te meprize Sila Ki Sen Israël la. Yo te vire kite Li nèt!


O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a. Èske Mwen te yon dezè pou Israël, oswa yon peyi fènwa byen pwès? Poukisa pèp Mwen an di: ‘Nou lib pou nou gaye toupatou. Nou p ap vin kote Ou ankò?’


Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman. Li te leve tèt li wo an Israël; men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.


Paske se règleman Omri yo nou kenbe, ak tout zèv lakay Achab yo nou obsève, e se nan konsèy yo ke nou mache. Akoz sa, Mwen va fè ou vin detwi nèt. Pèp ou a va giyonnen, e ou va sipòte repwòch a pèp Mwen an.”


Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.


Nou te neglije Wòch ki te fè nou an, e nou te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.


Nenpòt kote ke yo te ale, men SENYÈ a te kont yo pou mal, jan SENYÈ a te pale yo a, jan Li te sèmante a yo a. Konsa, vrèman yo te vin gen gwo pwoblem.