2 Kwonik 11:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa, 1998 Haïtienne Se konsa, li ranfòse miray lavil Betleyèm, Eytam, Tekoa, |
Pou sa, Joab te voye kote Tekoa e te fè rive yon fanm avèk sajès soti la. Li te di li: “Souple, fè kòmsi se yon moun ki andèy. Mete sou ou vètman andèy depi koulye a. Pa onksyone ou avèk lwil, men fè tankou yon fanm ki te deja andèy pou mò a soti anpil jou.
Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”
Apre yo menm, Tekoyit yo te repare yon lòt pati pa devan wo fò pwolonje a jis rive nan miray Fimye a.
Anplis, akote li, Tekoyit yo te fè reparasyon yo, men chèf prensipal pa yo a pa t bay soutyen a mèt ouvriye yo.
“Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon.
Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an.
Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam.
Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm.