2 Korent 7:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout. 1998 Haïtienne Se poutèt sa, sa te ban m anpil ankourajman. Se pa ankouraje sèlman mwen te ankouraje. Mwen te pi kontan ankò lè m wè kouman Tit te kontan pou jan nou te ba li ankourajman. Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Se sa k fè reyaksyon ou lan pote ankourajman pou nou konsa. Anplis de ankourajman an, nou kontan anpil pou nou wè jan Tit kontan nan fason nou te akeyi l epi fè l santi l alèz. |
pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm.
Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.
Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.
mwen pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.
Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout.
Paske si nan yon bagay mwen te fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite.
Afeksyon Li anvè nou ap vin plis toujou lè li sonje obeyisans nou tout, jan nou te resevwa li avèk lakrent e avèk tranbleman.
Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.
Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm.
Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;
Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.